Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.

参见章节 复制




Jòb 7:2
11 交叉引用  

Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye.


“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?


se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.


Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


“Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long!


“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.


Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.


Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.


跟着我们:

广告


广告