Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.
Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
“Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou.
“Pale ak dousè ak Jérusalem. Rele a li menm, ke konfli li fini an, ke inikite li retire a, ke li te resevwa nan men SENYÈ a doub pou tout peche li yo.”
Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li.
Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.