8 “O ke sa m mande ta kab rive, e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
8 Si Bondye te ka ban mwen sa m mande l la! Si li te ka fè m jwenn sa m'ap tann lan!
Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
“Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
ki anvi wè lanmò, men nanpwen, e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
Nanm mwen p ap touche yo. Yo tankou manje abominab pou mwen.
Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.
Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”