6 Èske bagay san gou kapab manje san sèl, oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?
6 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.
Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a?
Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; move konsolatè nou tout ye.
Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.
Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?
Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
Èske bourik mawon ranni sou zèb li, oswa bèf rele sou manje li?
Nanm mwen p ap touche yo. Yo tankou manje abominab pou mwen.
A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.
“Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
“Konsa, sèl la bon; men si menm sèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l.
Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.