Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m kase.

参见章节 复制




Jòb 6:4
30 交叉引用  

Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè, Li te modi blese m ak dan L. Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.


Lame Li a vin rasanble pou bati chemen pa yo kont mwen. Yo fè kan kap antoure tant mwen an.


Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li.


Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.


Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.


Paske m pè anpil malè Bondye a. Li tèlman gran ak majeste, m pa ka fè anyen devan L.


èske mwen ta dwe manti selon dwa m? Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’


Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?


Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt, e ogmante blese mwen yo san koz.


Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.


Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.


Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.


Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m.


Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.


Flèch Ou yo filè. Tout nasyon yo tonbe anba Ou, epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.


Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. Li fè flèch ak shaf ki brile yo.


Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje.


Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?


Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.”


Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.


Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.


Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”


Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.


M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’


Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m.


跟着我们:

广告


广告