12 Èske fòs mwen tankou wòch, o èske chè m kon bwonz?
12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m ye.
Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo! Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!
Zo li se tiyo ki fèt an bwonz; janm li tankou ba fè.
Kè li di tankou wòch, di menm tankou gwo wòch moulen.
Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m, ke tout sajès fin chase lwen mwen?