Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.