Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.