Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba.
si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”