Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Moun grangou yo devore rekòlt li, e mennen l yon kote plen pikan. Epi pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.

参见章节 复制




Jòb 5:5
20 交叉引用  

Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.


men konsa, Sabeyen yo te atake vin pran yo. Anplis, yo te touye sèvitè yo ak lam nepe, e se sèl mwen ki te chape pou di ou sa.”


Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Kaldeyen yo te fòme twa bann pou vin desann sou chamo yo. Yo te pran yo, e touye sèvitè yo avèk lanm nepe. Se mwen sèl ki chape pou di ou sa.”


Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.


Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.


Akoz sa, pèlen yo antoure ou, e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,


Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.


SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li e pa men pwisan Li: “Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò kon manje pou lènmi ou yo; ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf pou sila ou te depanse fòs ou a.”


“Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen. Li te kraze mwen. Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid. Tankou yon dragon, li te vale mwen. Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo. Li te lave mwen ale nèt.


Mwen va pini Bel nan Babylone e Mwen va fè sa li te vale a sòti nan bouch li. Nasyon yo p ap kouri ankò kote li. Menm miray Babylone nan va tonbe!


Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”


Senyè a vin tankou yon lènmi. Li te vale Israël nèt. Li te vale tout palè li yo. Li te detwi sitadèl li yo. Li te miltipliye doulè yo ak plent yo nan fi a Juda yo.


Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.


“Yon pèp nou pa menm konnen va vin manje pwodwi a tè nou yo ak tout travay nou yo. Nou p ap janm wè anyen sof ke oprime e kraze tout tan.


Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.


Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo.


跟着我们:

广告


广告