26 Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou, tankou gwo sak ble nan sezon li.
26 Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l, konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.
Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.
Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye. Tande sa e konnen l pou kont ou.”
Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long, e kite li wè sali mwen.
P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin ranpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi; men lane mechan yo va kout.
Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
“P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou, ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo; paske jenn yo va mouri nan laj santan e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.