Lou ak ti mouton va manje ansanm. Lyon an va manje pay kon bèf. Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.
Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo.
Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò pou yo ak bèt chan yo, zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.
“Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.