Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 5:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.

参见章节 复制




Jòb 5:14
13 交叉引用  

Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.


Li p ap chape nan tenèb la. Flanm nan va seche tout boujon li yo. Kon souf bouch li, lap wale nèt.


Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.


Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.


oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.


“Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a. Yo pa vle konnen pa li, ni rete nan chemen li yo.


Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa souleve a vin kase.


Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”


Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou.


Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.


Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg. Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo. Nou kilbite a midi konsi se nan aswè. Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.


Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.


Nou va tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.


跟着我们:

广告


广告