Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo, e konsèy a moun k ap twonpe moun nan vin kontrekare byen vit.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo fè.

参见章节 复制




Jòb 5:13
25 交叉引用  

Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”


Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen.


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.


Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.


Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”


Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.


Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.


Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.


Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.


ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?


“‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.


Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. Ki kalite sajès ka rete nan yo?


Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”


Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò.


Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.


Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”


跟着我们:

广告


广告