Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo pou men yo pa reyisi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.

参见章节 复制




Jòb 5:12
23 交叉引用  

Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a,


Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li.


Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.


Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.”


Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li.


Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit.


Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.


Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.


Paske bra a mechan yo va kase, men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Zye a SENYÈ a konsève konesans; men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.


Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.


Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.


ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;


Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”


Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?


“‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.


Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a?


Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”


Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li.


跟着我们:

广告


广告