11 Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
11 Ki moun ki ka atake l san anyen pa rive l? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.
Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. Labim nan pa gen kouvèti.
“Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè e wè tout bagay anba syèl yo.
Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo, oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen, lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
Syèl yo se Syèl SENYÈ a, Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa, paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.
Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay pou Li kapab repeye li ankò?”
“Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.”
Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè, ak tout ki ranpli l.”
“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.
Gade byen, lach akò SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.