5 Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
5 Kounyeya, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale.
Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”
“Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.
Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe, e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a, li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li; menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.
Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.
Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, ni vin febli lè nou korije pa Li;