18 Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans; ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
18 Bondye pa janm fin fye sèvitè l yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l repwoche yo.
“Èske gen moun kab bay Bondye konesans? Se Li menm ki jije sila anwo yo.
Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?
Li fè van yo vin mesaje Li. Flanm dife yo se minis Li.
Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an;
Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a.