10 Gwo vwa a lyon fewòs la, vwa fewòs a lyon an, e dan a jenn lyon yo fin kase.
10 Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovay. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.
Mwen te kase machwè a mechan an e mwen te retire viktim nan anba dan l.
Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo, e menm malere a chape nan men pwisan an.
Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.