Paske li va tankou bwa raje nan dezè; li p ap janm wè lè bonè rive, men li va viv pami wòch savann nan dezè a, nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.
Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li.
Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.