Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 38:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo, lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete sòti nan vant latè a?

参见章节 复制




Jòb 38:8
13 交叉引用  

Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.


Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.


Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,


epi Mwen te plase lizyè sou li, e te kadnase pòt li yo,


lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li e fènwa byen pwès kon rad anfans li,


Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman. Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.


yo te konn wè zèv SENYÈ yo, avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.


Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.


Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!


lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;


Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


跟着我们:

广告


广告