Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 38:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Kote ou te ye lè m t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!

参见章节 复制




Jòb 38:4
18 交叉引用  

Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.


Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.


“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?


Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,


Se kilès ki te bay Li otorite sou latè? Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?


Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè, e syèl yo se zèv lamen Ou yo.


Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou. Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman. Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.


Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li, pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.


SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.


Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!


SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo.


Ak kilès Li te konsilte, e se kilès ki te bay Li bon konprann? Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, ki te enstwi Li nan konesans, e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?


Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.


Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo, ki kreye van an, e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo; sila ki fè jou leve nan fènwa a, e ki foule wo plas sou latè yo; SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”


Epi, “Ou menm, Senyè, nan kòmansman an te poze fondasyon tè a. Syèl yo se zèv lamen Ou.


Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.


Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.


跟着我们:

广告


广告