3 Alò, mare senti ou tankou gason, M ap mande ou e ou va enstwi M!
3 Mete gason sou ou! M pral poze ou kèsyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
Alò, men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.
Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
Epi rele e mwen va reponn; oswa kite m pale epi reponn mwen.
“Èske gen moun kab bay Bondye konesans? Se Li menm ki jije sila anwo yo.
“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
Alò, mare senti ou kon gason; Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale; Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.
Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò.
“Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.
Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—