16 “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?
16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?
Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.
Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye; konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo e bese vag lanmè yo.
Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt, lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
“Akoz sa”, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va plede ka ou, e egzije vanjans nèt pou ou. Mwen va seche lanmè li, e fè sous li yo vin sèch.