3 Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.
“Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè e wè tout bagay anba syèl yo.
Lè L te etabli yon limit pou lapli e yon chemen pou kout eklè,
Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
Li chanje; Li gide l vire tounen pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè e souke l nèt pou yo sòti ladann?
Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
Chemen Ou a, O Bondye, se apa. Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.
Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.
Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan.
Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.