2 Koute, O koute byen bri vwa L, k ap gwonde tankou tonnè ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.
2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!
SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn.
Lè L te etabli yon limit pou lapli e yon chemen pou kout eklè,
Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye, ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
Bri li deklare prezans Li; menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
“Pou sa, menm kè mwen konn tranble. Li vòltije kite plas li.
Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:
Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
Lè vwa L sone, yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo, e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo. Li fè loray pou lapli, e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.