Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 33:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 M pral di tou sa ki nan kè m. Se verite a tou senp mwen pral pale.

参见章节 复制




Jòb 33:3
15 交叉引用  

Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?


Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat, ni lang mwen pa p pale manti.


Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn.


Paske mwen pa konn flate moun, sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”


Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen. Se lang nan bouch mwen ki pale.


Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an ak pawòl san konesans yo?


Alò, souple, gade mwen e wè si se manti m ap fè nan figi ou.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.


Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.


Paske mwen bay ou bon konsèy; pa abandone enstriksyon mwen.


跟着我们:

广告


广告