1 Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.
1 Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò.
Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.
Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.
Se pa ke mechanste ou gran e inikite ou yo san limit?
La, moun ladwati yo ta rezone avè L; epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
“Anverite, ou te pale kote pou m ta tande, e mwen te tande son a pawòl ou yo.
Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt. Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.