9 Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib; mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
9 Kounyeya, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m.
Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
“Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la. Konsa, yo vin krache sou figi m.
Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo, Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen; Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m. Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen; se tout moun k ap moke mwen.
Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an, chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
Gade jan yo chita ak jan yo leve; se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.