Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.
Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’
Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la.
Yon jou fènwa ak pèdi espwa, yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; konsa gen yon gwo pèp pwisan. Pa t janm gen yon bagay konsa, ni p ap janm gen anyen ankò, jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.
Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.
Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.