25 Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
25 Sa mwen pè rive m' nan, se li ki rive m' vre. Sa mwen pa ta vle a, se li ki tonbe sou mwen.
Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.
Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
Paske m pè anpil malè Bondye a. Li tèlman gran ak majeste, m pa ka fè anyen devan L.
mwen krent tout doulè mwen yo. Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a.