Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.”
Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.