Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 28:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Gen min anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.

参见章节 复制




Jòb 28:1
15 交叉引用  

“Mèt mwen, koute mwen. Yon mòso tè ki vo kat-san pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.”


Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,


Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo.


Pèp la va bat men yo sou li. Yo va sifle sou li kon koulèv, pou li kite plas li a.”


Fè retire nan pousyè a e kwiv la fonn soti nan wòch la.


Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.


Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.


Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.


Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


跟着我们:

广告


广告