8 Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen lè l koupe retire nèt, lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
8 Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l, lè li pral pran nanm li?
Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a.
Se sa, anplis, ki va delivrans mwen; paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?
“Kite lènmi m kapab tankou mechan a. Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?
Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.
“Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tou lemonn, e vin pèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?
Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li.
Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.
Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”