Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 27:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Mwen kenbe fèm a ladwati mwen. Mwen p ap lage l menm. Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Mwen sòti pou m defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m anyen. M pa gen anyen ki pou fè m wont.

参见章节 复制




Jòb 27:6
16 交叉引用  

Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.


Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


“Kite lènmi m kapab tankou mechan a. Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.


Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m; jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.


(kite Li peze mwen nan yon balans ki jis e kite Bondye konnen entegrite m).


Si pa m yo te vire kite chemen an, oswa kè m te swiv zye m, oswa si gen yon tach ki kole sou men m,


Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.


Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye.


Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?


Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt. Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.


Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou.


Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.


Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.


跟着我们:

广告


广告