Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.
Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.
pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye,