6 Yo rekòlte nan chan a lòt yo, e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
6 Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo.
“Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.
Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a, yo vin parèt pou chache manje. Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
Yo pase lannwit lan toutouni san rad, e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
si mwen te manje fwi li san lajan, oswa te kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
Ou va simen, men ou p ap rekòlte. Ou va kraze grenn oliv anba pye, men ou menm p ap onksyone ak lwil; kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.
“Yon pèp nou pa menm konnen va vin manje pwodwi a tè nou yo ak tout travay nou yo. Nou p ap janm wè anyen sof ke oprime e kraze tout tan.
Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.