6 Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen? Non, anverite, Li ta koute mwen.
6 Eske Bondye ta pral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m? Non. Li ta rete koute m ase.
Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi.
Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo e apèsi sa Li ta di m.
Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?
Si yon moun te vle diskite avèk Li, li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt.
Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la.
Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Anverite, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e avèk chalè a kòlè Mwen vide deyò, Mwen va vin wa sou nou.
Epi Mwen va mennen nou antre nan dezè a pèp yo, e la Mwen va antre nan jijman avèk nou fasafas.