Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”
Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’
Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann.
Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo.
Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”