11 oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.
11 Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!
Konsa ou va bliye twoub ou a. Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. Se konsa ou ta kab sonje li.
Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.
Limyè nan tant li an vin fènwa, e lanp li etenn sou li.
Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase, e Li te mete fènwa sou pa m yo.
“Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.
Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo, pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?
Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.
Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè.
Dlo yo te koule depase tèt mwen. Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a, nan kè lanmè yo, e gwo kouran dlo a te vale mwen. Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè ou yo te pase sou mwen.
men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”