6 Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.
6 Mwen menm, lè m chonje sa ki rive m, m pè. Tout kò m pran tranble.
mwen krent tout doulè mwen yo. Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN
Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen. Mwen etone jiskaske m debòde.
Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv.
Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.