4 Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm? Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
4 Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m pa ka tann ankò!
pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen e fè rechèch dèyè peche m?
Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
Koute lapriyè mwen, O SENYÈ! Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.
Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”