13 Yo pase jou yo nan byen reyisi. Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo.
13 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
Yo chante ak tanbouren avèk ap, e rejwi ak son flit la.
Yon moun mouri ak tout fòs li, byen alèz e kal;
ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?
Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la. Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.
Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale. Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale. Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
Lè di-mil òm ekstrawòdinè nan tout Israël yo te parèt kont Guibea, batay la te vin fewòs; men mesye Benjamin yo pa t konnen ke yon gwo dega t ap pwoche yo.