Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 20:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.

参见章节 复制




Jòb 20:7
16 交叉引用  

Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt.


epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”


Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?


Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.


Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati; Ou chanje aparans li, e voye l ale.


Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’


Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò; li ouvri zye li, men li pa la.


Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.


Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò.


Si li vin deplase sou plas li, alò plas li va refize rekonèt li e di: “Mwen pa t janm wè w.


Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.


Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”


Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.


Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo, men ou p ap jwenn yo. Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi se pa anyen e yo p ap egziste ankò.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


“Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告