Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Satan reponn li: — Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri.

参见章节 复制




Jòb 2:4
15 交叉引用  

Epi yo te mennen bèt yo kote Joseph, Joseph te bay yo manje an echanj ak cheval ak bann mouton, twoupo ak bourik. Konsa, li te bay yo manje an echanj ak tout bèt pa yo nan ane sa a.


Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.”


Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.”


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”


Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas.


Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.


Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?


“Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?


Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.


Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a.


跟着我们:

广告


广告