Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pat rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.

参见章节 复制




Jòb 2:12
17 交叉引用  

Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”


Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa la menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè.


Lè mwen te tande afè sila a, mwen te chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin chita, dezole nèt.


Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo.


Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.


Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.


Fanmi mwen yo vin fè fayit e pi pwòch zami m yo te bliye m.


Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.


epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou, e yo va kriye anmè. Yo va jete pousyè sou tèt yo. Yo va vire tounen nan mitan sann yo.


Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.


Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”


Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye.


Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.


Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.


Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk rad li chire ak pousyè sou figi li.


跟着我们:

广告


广告