4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
4 Menm si mwen ta fè sa m pat dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?
Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.
Si anverite nou vin ògeye kont mwen, e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.
Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.