2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m, e kraze mwen avèk pawòl yo?
2 — Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouray mwen ak tout pawòl sa yo?
“Pou jiskilè ou va chase pawòl? Montre bon sans ou pou nou kab pale.
Epi Job te reponn:
Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.
Gade byen, nou tout gen tan wè sa. Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van?
Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?
Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?
Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”
Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.