Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.
Yo va pran tant yo ak bann mouton yo; yo va pote pou kont yo tout rido tant yo, tout byen yo ak tout chamo yo e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.
Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.