13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen, si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
13 Se lanmò mwen m'ap tann. Se simityè sèl ki tout espwa mwen rete
Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.
“Lespri m fin kase. Jou m yo etenn; tonbo a pare pou mwen.
Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen. Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.
Si mwen monte nan syèl la, Ou la. Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.
Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas ak gwo danje k ap vini a. Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la, e dezi gason an pa ka. Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a, pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
Li antre nan lapè. Chak antre nan pwòp kabann pa l; tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.